Depatman Nòdès, 26 janvye 2025.– Pwosesis revizyon konstitisyonèl la, ke gouvènman an lanse a, ap avanse avèk detèminasyon epi anpil angouman, gras ak angajman aktif diferan sektè nan sosyete a. Yon etap enpòtan te franchi pandan premye jounen asiz depatmantal Konferans Nasyonal la, ki òganize nan Depatman Nòdès, nan Fò Libète.
Yon mobilizasyon ki pote siyati fanm ak jèn yo
Daprè Obsèvatris Biwo Minis Délégué bò kote Premye Minis lan, ki reskonsab kesyon elektoral ak konstitisyonèl la, majorite patisipan nan premye jounen an se te fanm. Patisipasyon sa a montre angajman fanm ayisyèn yo pou jwe yon wòl santral nan pwosesis istorik sila a. Jèn yo tou te aktivman enplike, e yo te kontribye avèk anpil pasyon ak angouman nan diskisyon yo.
Yon pwosesis enklizif e ouvè pou tout moun
Gouvènman an reyafime angajman li pou garanti yon pwosesis revizyon konstitisyonèl ki ouvè, patisipatif, e ki reprezante tout fòs viv nasyon an: fanm, jèn, aktè sosyete sivil la, ak reprezantan divès sektè yo. Objektif la se bay peyi a yon nouvo Konstitisyon ki reponn ak aspirasyon pèp ayisyen an, pandan li pote valè jistis sosyal, solidarite, ak pwogrè.
Yon apèl pou plis angajman
Nou ankouraje plis fanm ak plis jèn pou yo angaje tèt yo nan pwosesis enpòtan sa a pou lavni Ayiti. Se avèk yon mobilizasyon kolektif epi angajman tout sitwayen ke nou kapab garanti yon tranzisyon ki transparan, enklizif, e ki reponn ak atant pèp ayisyen an.
Gouvènman an reyafime angajman total li pou akonpaye tout aktè yo nan konstriksyon yon avni enstitisyonèl ki solid ak dirab pou Ayiti.
-FEN-
Leave a Comment