Discours du Premier ministre, Dr Ariel Henry

Mesdames et Messieurs les Ministres et Secrétaires d’État
M. le Président de la Cour de Cassation
M. le Directeur de Cabinet du Premier Ministre
Messieurs les Secrétaires généraux
M. le Directeur général a.i de la Police Nationale d’Haïti
Messieurs les membres haut état-major de la PNH
Messieurs les membres du haut état-major des Forces Armée d’Haïti
Mesdames, Messieurs les Directeurs Généraux
Messieurs les Recteur d’Université,
Messieurs et Dames du Corps diplomatique
Mesdames Messieurs du Conseil Municipal de la Ville du Cap-Haitien et des villes avoisinantes
Mesdames Messieurs de la presse
Mesdames et messieurs en vos rangs respectifs
Elèves venus du Nord’Ouest, de L’Artibonite, du Centre, du Nord-Est, Élèves du Nord et vous tous de tous les départements du pays
Chers Compatriotes,
Chers élèves, Chers étudiants

Aujourd’hui le gouvernement est venu vers vous au Cap-Haïtien, afin de marquer cet évènement fondateur qu’est la fête du drapeau. Avec vous, au milieu de vous, je veux dire à tous ceux d’ici et d’ailleurs, AYITI PAP PERI.
Hier à l’Acul du Nord, nan localité Flaville, a midi, mwen lumen yon lanp. Hier dans le Nord héroïque, à l’Acul du Nord, nan bitasyon Flavil, Mwen menm ak minis edukasyon nasyonal la, nou plante yon poto. Hier à lokazyon fèt anesygyanyo, gouvènman m ap dirije a, louvri yon baryè, pou lòt jenerasyon Boukman ka fleri. Nan seksyon sa, kote yo te mare Boukman lan, nou plante semans edukasyon. L ap boujnonnen pou li pote bon rezulta.

Van divizyon sa a, tanpèt ensekurite sa a, machin lanmò sa a gen pou kanpe. N ap prepare yon nouvèl jenerasyon pou Ayiti leve kanpe. Nan ane 2023 ki se ane patrimwan, nan ane sa a, ki make 220 tan kreyasyon drapo nou an, nan non Jean-Baptiste Duty Boukman, gason vayan, nap sonnen lanbi rasanbleman an, pou rekòt la pa pèdi. Tèt ansanm, men nan men, konbit la ap fèt.

Mezanmi, Ayisyen te fè le mond sezi déjà. Jodi-a, 18 me yo fè yo sezi ankò.Tout moun, tout patriyòt, tout sektè montre yo konn sa yo vle. AYITI DABÒ. Mwen envite tout elèv yo, tout etidyan yo, pou yo sonje leson sa a.

Chers Compatriotes
Alò, fò m di nou, gen moun kimande pouki sa se Okap gouvènman an chwazi, vin selebre fèt drapo a ane sa a ? M ap reponn yo tou senpleman poukipa.
Nou gen yon sèl drapo. Nou se yon sèl pèp : pèp ayisyen. Nou se yon sèl peyi : Ayiti Toma.

Fèt drapo a, se fèt tout Ayisyen. Kidonk, ke nou fete l Pòtoprens, ke nou fete l Gonaïves, ke nou fete l Akayè, se toujou menm Ayiti a, menm fèt drapo a. Nou ta renmen se nan tout vil nan peyi a, nan tout seksyon kominal, nou rekòmanse ak tradisyon bèl fèt sa a chak 18 me. Se yon mannyè pou tout timoun, tout gran moun pran yon moman pou nou temwaye jan nou renmen peyi nou. Se yon fason tou, pou nou montre jan nou fyè de drapo nou an.

Konsa n ap mete nan tèt tout timoun, tout jèn fanm, tout jèn gason, yon santiman dapartenans a peyi a, e devlope lanmou yo pou peyi yo. Konsa n ap fè yo konprann, malgre difikulte n ap travèse jounen jodi a, yo menm tou, yo gen wòl pou yo jwe nan chanjman peyi-a e nan travay pou fè Ayiti vin pi bèl.

Okap se youn nan vil nan peyi a ki toujou kenbe byen wo, tradisyon fete grandyozman 18 me. Lontan, tout elèv lekòl te toujou fyè, pou patisipe tout an blan nan defile nan vil la, rive jis nan stad la, nan Kenp pou fèbèl parad, bèl demonstrasyon.

Okap se youn nan vil ki depi kèk ane, mete tradisyon sa a, nan yon lòt nivo. Bèl defile ak plizyè fanfa, plizyè gwoup tifi kou tigason, ak bèl unifòm tout koulè.
Lè m te konn wè imaj sa yo, mwen te toujou di, li ta bon pou yon jou, se Okap nou vin selebre fèt drapo a. Mwen kwè se yon bon lide pou gouvènman an te vin patisipe akenou.

M ap pwofite an lagan remèsye tout moun ki fè deplasman an, pou vini selebre 18 me 2023 a ak enou nan vil Okap. M ap voye yon gwo kout chapo pou nou tout ki la jodi a, ki sòti nan tout kwen nan vil la, nan Depatman Nò, Sant, Latibonit, Nòdwès, Nordès e nan lòt depatman tou. Yon salutasyon spesyal pou konpatriyòt ki sòti nan dyaspora a : Frans, Chili, Etazini, vin fete 18 me sa a ak nou.N ap salye tou zanmi diplomat etranje yo ki vin akonpaye nou jodi a.

Mesdames, Messieurs.

Il y a deux cent vingt ans, avec la création du drapeau, se précisait, à l’Arcahaie, sous les doigts de Catherine Flon, une de nos Mères fondatrices, l’idée de l’indépendance totale de la colonie française de Saint-Domingue. Avec ce nouveau symbole de l’unité de tous les esclaves et des affranchis, prenait forme, le combat contre le déni total de leur humanité et contre l’exploitation violente imposée, par le Code noir et appliqué à l’excès par les maîtres esclavagistes.

La création de notre Drapeau, geste et symbole fondateurs d’une Nation, scellait un destin commun naissant. Pour nos ancêtres, réunis à l’Arcahaie, le temps était venu d’envisager la suite logique de la révolution en marche. Ils avaient compris, à raison, qu’il ne saurait y avoir de Nation sans emblèmes nécessaires pour construirel’État, l’entretenir et assurer sa continuité. Le Drapeau a été créé, ce 18 mai 1803, pour que ce symbole unificateur et fédérateur, soit celui qui consacre la naissance d’une Nation. Contrairement à la perception trop répandue et persistante dans notre pays, c’est le Drapeau qui symbolise le pouvoir et non les hommes l’exercent. Notre Bicolore a permis l’attachement de tous les Haïtiens, à une terre unique, et a posé les bases pour son organisation sociale, économique et politique.

Mesdames, Messieurs,

Permettez-moi d’évoquer, en ce 220ème anniversaire, le rôle incontournable des artisanes et des artisans,dans tout projet d’une nation politiquement viable, économiquement prospère et socialement juste.

Les artisanes et les artisans peuvent matérialiser les idées et les rêves les plus fous, en plus de créer et de garantir des emplois stables, qui permettent à la population de jouer son rôle dans le développement du pays.

Une des plus admirées des Mères-Fondatrices de la nation haïtienne, Catherine Flon, a mis ses talents d’artisane au service de la lutte. Certains élaboraient des stratégies, d’autres portaient des armes et Catherine Flon a sorti sa boite d’ouvrages, pour agencer et coudre les deux bandes de tissus en Drapeau qui est devenu, automatiquement, le symbole de toute une nation. La force d’une nation, chers compatriotes et chers amis, réside dans la mise en commun des talents, de l’expérience, de la pensée, des investissements et du dépassement de soi de toute la population.

Le message de Catherine Flon, en s’investissant dans la confection de ce symbole incontournable pour la lutte et pour le devenir de la nation, était clair. Au-delà des clivages idéologiques, au-delà des fortunes diverses de chacun, tous les citoyens, y compris ceux en devenir, ont leur partition à jouer pour permettre à la collectivité de se libérer et de se construire l’avenir qu’elle pense mériter.

Konpatriyòtmwenyo,

2023, déclaré Année du Patrimoine Haïtien par le Gouvernement, ramène les 220 ans d’un ensemble d’événements de grande importance historique, dont la bataille de Vertières et le Congrès de Camp Gérard.

2023, est une année déterminante, pour les Haïtiennes et les Haïtiens qui réalisent, encore plus qu’avant, qu’il est urgent de renforcer nos institutions,afin qu’elles jouent leur rôle,qu’elles redonnent à tous confiance dans notre avenir et qu’elles nous aident à retrouver notre dignité.

Mesdames et messieurs, chers amis,

Ces deux bandes de tissus bleu et rouge, cousus ensemble à l’Arcahaie pour créer notre Drapeau, ne représentaient pas que le symbole de la liberté pour des personnes soumises à l’esclavage. Elles garantissaient également la liberté pour les simples citoyens et leurs dirigeants.

La création du drapeau,a été un marqueur fort qui a galvanisé l’armée indigène. La République d’Haïti était en gestation et précédait le triomphe des grandes idées humanistes d’égalité de l’espèce humaine.

Les Haïtiennes et les Haïtiens doivent pouvoir se projeter et se reconnaitre chaque jour dans le rêve de ces femmes et de ces hommes qui ont donné leur vie pour que nous puissions vivre libres. Le travail de chacun de nous, doit être de donner un sens à l’avenir, en dépit des discours et des actions répréhensibles de ceux qui cherchent à nous faire douter.

Il est essentiel que la célébration de la fête du drapeau soit un moment qui nous rassemble, un moment où nous pensons à ce qui a uni nos ancêtres dans le passé, et à ce qui doit nous unir aujourd’hui. Nos victoires communes sur l’esclavage, les adversités, notre capacité à construire des œuvres qui résistent au temps, doivent être glorifiées. 1804 a été un point de bascule pour le monde. Nous avons depuis manqué des rendez-vous avec nous-mêmes et avec les autres, il est venu le temps de nous rattraper et de nous unir.

Nous avons besoin de nous parler, de nous comprendre, de nous accorder sur nos ressemblances, et sur la façon de construire ensemble un pays meilleur, pour pouvoir parler au monde d’une seule voix.

Li enpòtan, jodi a, pou m envite tout moun vin chita, diskite, dyaloge, pou n soti nan sa nou ye a.

Fòk nou tande bezwen konpatriyòt nou yo, ki vle viv nan lapè, ki bezwen ale vini jan yo vle, ki vle retwouve dwa gran moun yo, pou yo chwazi an tout libète, moun yo vle mete nan tèt peyi a.

N ap travay pou gen lapè. N ap travay pou eleksyon fèt. Se vre gen anpil bri, pou detounen atansyon sitwayèn ak sitwayen peyi Dayiti. Men n ap vanse.

Des Haïtiens de partout fêtent le bicolore aujourd’hui. Ils sont fiers d’exhiber ce symbole d’union qu’ils se trouvent en Amérique, en Europe ou sur le continent africain. Nous souhaitons une bonne fête du drapeau à tous nos compatriotes, celles et ceux de l’intérieur, comme celles et ceux de la diaspora.

Chers Compatriotes,

L’Université, dont c’est la fête aujourd’hui, est cette ressource nécessaire pour aider une société à mieux se construire. Aucune structure ne peut mieux que l’université, aider à développer le capital humain, et à être capable de concevoir et de mettre en œuvre les stratégies de développement pour le pays. Les derniers séismes et d’autres facteurs sociétaux et économiques ont malmené l’Université, mais elle tient bon.
En célébrant la Fête de l’Université, nous voulons lui rappeler que l’avenir d’Haïti passe aussi par elle. L’Université doit se relever, et le pays avec.

Au moment où le ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle introduit les baccalauréats techniques pour élargir et diversifier l’offre de formations, il faut aussi renforcer l’Université, la reconstruire physiquement et lui donner les moyens de jouer véritablement son rôle de laboratoire de réflexion sur la société, et d’accélérateur du développement.

Men nou pa ka pase sou silans, pwoblèm sistèm univèsitè nou an ap konfronte jodi a. Nou dwe pran yon tan, pou gade situyasyon an jan l ye a. Pi fò timoun ki soti nan bakaloreya, pa ka jwenn plas nan fakulte nou yo. Etudyan ak tout paran yo fin trimen du, pou yo dekroche yon diplòm, apre sa, yo blije al enskri nan chomeko. Jodi a, diplòm univèsite nou bay la, ipoteke a letranje.

Sa mande yon bon reflèksyon, yon bon dyalòg, pou nou konenn ki jan n ap redrese situyasyon sa a. Li lè li tan pou tout pitit pèp la ki vle rantre nan yon univèsite an Ayiti, kapab jwenn yon plas. Li lè li tan, pou yo ka jwenn yon fòmnasyon de kalite, pou yo kapab konpetitif nan tout peyi. Gouvèman an ap fè sal kapab pou univèsite a gen yon lòt trètman.

Mesdames et Messieurs,

Nouchwazikòmtèmpou18 me 2023 : AN N VANSE ANSANM ANBA DRAPO NOU AN.

Se apèl sa a, mwenvlelansebay tout moun, bay tout ayisyènak tout ayisyen, kivle tout bon peyi a,sòti nan sal yejounenjodi a. Se tètansanmsèlmanki ka pèmètnou rive fè sa. Nan drapo a,zansètyo te make, se lunyonkifè la fòs. Sa vle di, si nouvlereyusi, divizyonpa ka ladan-l, vyolanspa ka ladan-l, kidnapingpa ka ladan-l, touyemounpa ka ladan-l.

Pou nou redrese peyi a, Ayiti bezwen retwouve lapè ak stabilite. Se nan tèt kole nou ka trase chimen. Mwen rekonèt gen bagay ki te pou fèt, ki pafèt, ou ki mal fèt. Bò kote pa m, mwen pare pou m korije kaye m.

N ap travay pou yon kòz ki just. N ap travay pou tout ayisyen retwouve libète total yo.

Gen yon pawòl nou pral tande m ap repete souvan, nan semèn ak nan mwa k ap vini yo. Ayiti bezwen retounen rapidman, nan fonksyònman nòmal enstitusyon demokratik nou yo. Se nan ELÈKSYON pou n ale. Se nan ELÈKSYON pou n ale

Mwen konnenpap ka gen bon elèksyonsansekuriteparetounenblayi nan toupeyi a. Nap travay sou sa e noudesidetravayak tout moun sou sa. Fòssekuritenouyopaseyonlòtvitès. Ak sa yogen nan men yo, ti pa, ti pa, yapmetelòd nan dezòd. E nougen pou noujwen bon rezulta.

M ap di tout moun, nou pap gentan regle tout pwoblèm, nan ti tan ki rete avan nou remèt dirèksyon peyi a, bay fanm ak gason pèp la va chwazi nan bon jan elèksyon. Jodi a, sa ki enpòtan se mete tèt nou ansanm pou nou reyusi fè bon elèksyon.

Semenn pwochèn, HCT a, nan tèt kole ak gouvènman an, ap òganize, an prezans obsèvatè entènasyonal Karikom e latriye, yon gwo woumble ak reprezantan tout sektè nan peyi a : Pati politik, Sosyete sivil, Sektè prive. N ap tann yo tout, pou nou chita pale de sekurite, men tou pou n pale de etap n ap gen pou nou franchi ansanm pou n ale nan elèksyon. Fò nou elimine mefyans nan mitan nou. Fò nou aprann youn fè lòt konfyans. Fò nou met tèt nou ansanm poun sove Ayiti. Mwen menm m pare.

Nan jou fèt Drapo, mwen menm ak tout gouvènman an deside mete tèt ansanm ak tout moun, pou nou twouve yon solusyon durab nan pwoblèm peyi a.

Nou gen yon sèl drapo. Nou se yon sèl pèp. Nou se yon sèl nasyon. Ayiti se pou nou tout. Se rèponsabilite nou tout pou nou sove-l, e pou nou fèl pi bèl.

Li fè nwa pandan twò lontan. Li lè pou soley leve sou peyi Dayiti.

« An nou vanse ansanm anba drapo nou an ! »

Vive le Drapeau !
Vive l’Université !
Vive laRépublique !
Que Dieu sauve Haïti !

Je vous remercie pour votre attention.

Leave a Comment