Pòtoprens, mèkredi 29 Jan bye 2025.- Gouvènman an, anba lidèchip Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ap fè tout efò pou sipòte Lopital Fémat la, yon enstitisyon enpòtan nan sistèm sante peyi a. Nan kad angajman sa a, Minis Sante Piblik la, Dr. Sinal Bertrand, ki te vizite lopital la, remèt yon seri materyèl medikal pou ede lopital la kontinye bay popilasyon a bon jan sèvis.

Gouvènman an pa sèlman bay soutyen imedya, men li gen yon vizyon klè pou avni Lopital Fémat la. Se poutèt sa, li anvizaje transfòme li a yon sant ospitalye inivèsitè, ki pral pèmèt li ogmante kapasite li, amelyore kalite swen yo, epi kontribye nan fòmasyon pwofesyonèl nan domèn medikal.

Gouvènman an rete angaje pou ranfòse sistèm sante a epi asire ke chak sitwayen jwenn swen li merite.

-FEN-

Leave a Comment