
Pòtoprens, 8 Desanm 2024.– Vil Kap Ayisyen ap fè fas ak yon sitiyasyon ijans grav aprè gwo lapli ki te lakòz inondasyon devastatè nan plizyè katye. Katastwòf natirèl sa a ki koze gwo dega nan lavi moun ak byen materyèl, afekte anpil fanmi epi kraze enfrastrikti lokal yo.
Angajman total gouvènman an
Devan kriz sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pran inisyativ pou fè reyinyon estratejik rapid e mobilize tout mwayen ki disponib pou pote sekou bay popilasyon an. Daprè enstriksyon dirèk li, yon ekip kowòdinasyon mete sou pye, ki gen ladann:
• Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo (MICT) ansanm ak sèvis ki desantralize yo.
• Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC), ki nan premye liy entèvansyon yo.
• Fon Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) pou bay èd imanitè.
• Polis Nasyonal Ayiti (PNH) pou sekirize operasyon yo.
• Fòs Lame Ayiti (FAd’H), ki mobilize pou jere lojistik ak reyabilitasyon nan zòn ki afekte yo.
Bilan ak premye aksyon ijans yo
Gras ak gwo mobilizasyon sa a, yo deja pran mezi konkrè pou reponn ak bezwen imedya popilasyon an, kote yo rapòte 4 moun mouri:
• Plizyè santèn fanmi resevwa premye èd ijans ki gen ladann kit manje, dlo potab, ak materyèl pou abri tanporè.
• Ekip konjwen (MICT, MTPTC, FAES, DPC, PNH, FAd’H) ap travay sou evakyasyon nan zòn ki inonde yo, sekirize katye yo, epi netwaye wout ki bloke yo.
Efò ki ap fèt kounye a ak priyorite imedya yo
1. Ogmantasyon asistans imanitè: Fòk gen plis distribisyon manje ak kit ijyèn nan zòn ki pi touche yo.
2. Ranfò lojistik: Yo deplwaye ekipman espesyalize (pomp, kamyon, bouldozè) pou akselere entèvansyon yo sou teren an.
3. Reyabilitasyon enfrastrikti: Travay ijans ap fèt pou retabli aksè nan zòn izole yo epi relouvri wout estratejik yo.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé felisite kouraj moun ki viktim yo epi remèsye ekip yo ki mobilize:
« Nou ap fè tout sa nou kapab pou reponn a trajedi sa a. Chak lavi konte, chak efò konte. Ansanm, nou ap simonte eprèv sa a epi nou ap retounen espwa nan kominote nou yo. »
Gouvènman an renouvle apèl li pou solidarite nasyonal ak entènasyonal la pou ranfòse efò ki ap fèt yo, pandan li soulinye rezilyans pèp Ayisyen an ki kontinye rete yon sous enspirasyon nan moman difisil sa yo.
-FEN-
Le gouvernement mobilisé à la suite des inondations catastrophiques au Cap-Haïtien
Port-au-Prince, le 8 décembre 2024.– La ville du Cap-Haïtien est confrontée à une situation d’urgence majeure après les fortes pluies qui ont provoqué des inondations dévastatrices au niveau de plusieurs quartiers. Cette catastrophe naturelle a causé des pertes humaines et matérielles considérables, touchant des milliers de familles et endommagé gravement les infrastructures locales.

L’engagement total du gouvernement
Face à cette crise, le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé a immédiatement multiplié des rencontres stratégiques en mobilisant tous les moyens disponibles pour venir en aide à la population sinistrée. Sous ses instructions directes, une équipe de coordination rigoureuse a été mise en place, impliquant :
• Le Ministère de l’Intérieur et des Collectivités Territoriales (MICT) et ses services déconcentrés
• La Direction de la Protection Civile (DPC), en première ligne des interventions
• Le Fonds d’Assistance Économique et Sociale (FAES) pour l’assistance humanitaire
• La Police Nationale d’Haïti (PNH) pour sécuriser les opérations
• Les Forces Armées d’Haïti (FAd’H), mobilisées pour la logistique et la réhabilitation des zones affectées.
Bilan et premières actions d’urgence
Grâce à cette grande mobilisation, des actions concrètes ont été entreprises pour répondre rapidement aux besoins immédiats de la population au sein de laquelle 4 décès ont été signalés:
• Des centaines de familles ont reçu une première aide d’urgence sous forme de kits alimentaires, d’eau potable et de matériel d’hébergement temporaire.
• Des équipes conjointes (MICT, MTPTC, FAES, DPC, PNH, FAd’H) se concentrent sur l’évacuation des zones inondées, la sécurisation des quartiers et le déblaiement des routes coupées.
Efforts en cours et priorités immédiates
1. Assistance humanitaire accrue : renforcement des distributions de nourriture et de kits d’hygiène dans les zones les plus touchées.
2. Renfort logistique : déploiement d’équipements spécialisés (pompes, camions, bulldozers) pour accélérer les interventions sur le terrain.
3. Réhabilitation des infrastructures : travaux urgents pour rétablir l’accès aux zones isolées et rouvrir les axes routiers stratégiques.
Le Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé salue le courage des sinistrés et remercie les équipes mobilisées : « Nous faisons tout ce qui est en notre pouvoir pour répondre à cette tragédie. Chaque vie compte, chaque effort compte. Ensemble, nous surmonterons cette épreuve et redonnerons espoir à nos communautés. »
Le gouvernement réitère son appel à la solidarité nationale et internationale pour renforcer les efforts en cours, tout en soulignant la résilience du peuple haïtien qui demeure une source d’inspiration dans ces moments difficiles.
-FIN-
#Haïti
Leave a Comment